Pou anpil nan nou ki pat gen chans jwi Ayiti pa m nan, vakans pa m nan, andeyò pa m nan te diferan, Ayiti pa m nan kontinye diferan.Nan tan pase a, gen yon moman nou tout t ap veye, nou te rele l gran vakans, ou byen vakans 3 ( twa) mwa. Se te moman pou paran nou yo voye nou al pase vakans ak grann ou byen tonton. Pa gen pi bèl moman ke sa.
Lè w rive jwenn grann se tankou yo voye w al angrese pou w tounnen. Sa k bèl la se lè w rive an pwovens lan. Tout bagay natirèl : patat la, manyòk la, kann nan, militon an, joumou an, elt… Yonn nan souvni ki plis make m se “tete deyè a” kisa ki tete dèyè a ? Lè n rive an pwovens, premye bagay yo fè se fèmen bèf la pou w ka jwenn lèt pou w bwè.
Fèmen bèf la, se pran manman bèf la e ou sere l yon kote pandan 2 ( de) jou pou ti bèf la pa jwenn li. Men, fòk ou ba li bra banann pou l ka bay anpil lèt. Souvan, nou sere bèf la lwen dèyè mòn yo oubyen nou pase anba gwo jaden kafe yo pou desann nan ravinn nan pou nou sere bèf la.
Lè manmèl bèf la kòmanse plen epi tete yo tire, l ap fè gwo bri tankou mouuuu, se sa k fè ou dwe sere l lwen pou ti bèf la pa tande. Konsa tou, gen ti bèf ki konn rive jwenn manman an. Lè sa a rive, ou travay anven.
Gen twa lè ki toujou priyorite pou w al tire bèf la. Se nan maten bònè oubyen nan 2 ( de) zè aprè midi oubyen nan lanjelis. Pou mwen, meyè lè a se nan 2 zè a, lè solèy la cho.
Gen 2 fèmen bèf : yonn pou w tire lèt la pou bouyi pou tout moun e yon lòt pou w bwè lèt la tou kri anba manmèl la.
Lè se pou bouyi a, nan tire lèt la ou jwenn lapòy la. Kisa ki lapòy la? Lapòy la se lè ti bèf la konte 4 ( kat) tete yo yon premye fwa, epi ou tire lèt ki pral lakay la pou bouyi a. Aprè ti bèf la vinn rekonte ankò, se sa a yo rele lapòy.
Mwen sonje kòman sa te ye. Mwen te gen 2 ( de) tontonm plis yon kouzenm, lè yo fèmen bèf la pou nou bwè lèt kri a, chak moun te gen yon tete. Men, mwen se toujou tete dèyè a paske li gen plis lèt epi li gen yon ti gou dous. Plezi ki genyen an se bwè anba manmèl la pandan gen yon radyo k ap jwe ki sou ginen k ap pase mizik samba yo. Nou pat janm al tire lèt la san radyo sa a.
Anpil fwa, bèf la konn mechan, sa vle di nan tan pou w mare 2 ( de) pye bèf la ti bèf yo konn fè w fè anpil defisi. Yo konn gentan bwè pi fò lèt la. Toutfwa, mwen sonje yon jou jedi nan aprè midi, se te mwen ak tontonm sèlman ki t al tire bèf la. Pandan m ap souse tete dèyè a, bèf la te manje yon kòdagrenn. Kòdagrenn nan se yon zèb ki fè bèf la gra. Li konn menm pa ka fè pitit ankò pou twòp grès. Pandan tete dèyè m nan bouch mwen, se santi mwen santi yon bagay cho ap vide sou mwen, bèf la poupou sou vizaj mwen. Mwen oblije netwaye vizaj mwen ak ke bèf la epi tire lèt bèf la pou m lave vizaj mwen. Lè sa a, mwen santi lèt bèf kote m pase. andedan m se lèt, deyò m se lèt.
Se te yon bèl moman, e lè sa a fòk ou pote yon ti dlo pou w lave manmèl bèf la, tete yo, epi pou w siye yo ak ke bèf la. Anplis, dwe gen yon moun ki kenbe ti bèf la pandan yonn nan nou ap bwè lèt la. Men lòt bèl moman ki te genyen ankò, se mwen ki te pi piti, sa vle di lè yo finn tire lèt ki pral bouyi a, yo banm pran yon tete epi pi gran yo rete, e m pran galon lèt la pou m pote lakay.
Sa w dwe konnen tou, nan bouyi lèt la konn gen diskisyon. Li te konn fèt pou 2 ( de) bagay : kim lèt la ak graten lèt la. Mwen menm se kim lèt la ki entèrese m. Mwen ak louch mwen nan menm m ap veye lè lèt la moute, sa vle di li fè kim pou m pase louch la pou m pran kim lèt la pou m bwè. Souvan, si m jwenn kim nan graten an se pou kouzenm nan e si kouzenm nan jwenn kim nan graten an se pou mwen.
Tete dèyè a manke m anpil paske se te yonn nan bagay ki te ba w anvi al pase vakans. Ti bèf yo manke m paske te gen yon relasyon ant men w ak tèt ti bèf yo lè w ap fè l konte tete yo. Diskisyon anba manmèl la manke m paske anba vant bèf la se te yon konbit ant neve ak tonton epi kouzen, pafwa zanmi. Anba vant bèf la te gen yon relasyon egal ego. Mwen te gen chans viv anba bèf la. Mwen te gentan jwi ti bèf la. Mwen espere jenerasyon k ap vini yo ap jwenn tete pa yo a.

Je suis un Haytien conscient, libre et fier. Porté par l’amour profond de ma terre sacrée, je refuse d’accepter la fatalité. Je crois que Hayti est un peuple grand, digne, souverain — digne de sa mémoire et de son avenir.Mais pour faire renaître Hayti réellement, il faut d’abord reconstruire l’Homme haytien :un homme affermi dans sa dignité, éclairé par l’éducation, ancré dans la justice, et animé par l’amour de la patrie.
Hayti peut, et doit, renaître.