Gen moman nan lavi yon pèp kote kesyon yo vin pi enpòtan pase repons yo. Se pa kesyon fasil, ni kesyon ki fèt pou konfò. Se kesyon ki fouye nan fondasyon sosyete a: Ki verite n ap viv? Ki prensip k ap gide nou? Ki kalite jistis nou tolere? E sitou, kiyès ki benefisye de sistèm nou an?
Filozofi anseye nou yon bagay senp men difisil: pa gen okenn lòd sosyal ki natirèl; li toujou konstwi, soutni, epi pafwa pwoteje pa enterè. Lè nou obsève reyalite politik la, nou pa dwe sèlman gade aksyon dirijan yo, men nou dwe kesyone lojik ki soutni sistèm nan. Paske pouvwa pa egziste nan vid; li òganize, li distribye avantaj, li kreye inegalite oswa li korije yo.
Reflechi sou politik se pa yon zak opozisyon sistematik; se yon zak konsyans. Lè yon pèp sispann kesyone, li sispann egziste kòm sijè istorik. Lè li aksepte san analize, li abdike dwa li pou chanje desten li. Se poutèt sa refleksyon filozofik pa yon liks entelektyèl; li se yon nesesite sivik.
Tèks sa a chache mete limyè sou relasyon ant prensip ak pratik, ant diskou ak reyalite, ant pouvwa ak responsablite. Paske chanjman pa kòmanse nan lari sèlman; li kòmanse nan panse. E depi panse a klè, kesyon pouvwa a vin inevitab.
Mizè kòm mekanis kontwòl
Mizè pa sèlman yon sitiyasyon ekonomik. Li kapab tounen yon zouti politik. Michel Foucault esplike nan siveye e pini ke pouvwa a pa egzèse sèlman ak fòs, men atravè jesyon lavi moun ak popilasyon yo. Sa fè nou konprann ke povrete a kreye depandans e depandans fasilite kontwòl. Yon pèp k ap goumen pou siviv: pa gen tan pou l òganize politikman, pa gen mwayen pou l konteste, li vin vilnerab devan pwomès. Mizè vin tounen yon enstriman pou gouvènabilite.
Nan menm sans sa a nou ka wè mizè kòm kapital elektoral, nou pa sèlman ap denonse pratik koripsyon senp lan. Nou ap analize yon mekanis ki pi rafine, pi pwofon, kote povrete vin tounen yon resous politik estratejik.
Nan lojik klasik pouvwa a, jan Nicolas Machiavel montre nan Le Prince, objektif prensipal yon dirijan se konsève pouvwa li. Moral la vin segondè devan kesyon estabilite ak kontwòl. Si nou mete prensip sa a nan yon kontèks kote majorite popilasyon an ap viv nan ensekirite ekonomik, nou konprann kijan mizè ka transfòme an avantaj elektoral.
Mizè kreye depandans. Depandans kreye lwayote fòse. Lè sitwayen an pa gen aksè garanti a travay, edikasyon, swen sante, oswa kredi, li oblije chache pwoteksyon. Men pwoteksyon sa a pa soti nan enstitisyon solid; li soti nan relasyon pèsonèl ak moun ki gen pouvwa. Se la kliyantelis la pran nesans li nan politik la. Politik la vin pa fonksyone sou baz pwogram, men sou baz favè. Olye Leta konstwi dwa inivèsèl, li distribye benefis selektif. Sa kreye yon sik kote politisyen an pa bezwen rezoud mizè a, li sèlman bezwen jere li, epi aktive li nan moman elektoral.
Nan tewori demokrasi a, vòt la se yon zak konsyans. Men nan kontèks mizè ekstrèm, vòt la vin tounen yon zak siviv. Lè yon moun ap lite pou manje chak jou, kesyon idewolojik pase nan dezyèm plan. Pwomès imedya yo gen plis pwa pase pwojè k ap pran tan. Yon sak diri, yon ti lajan, yon pwomès djòb vin gen plis valè pase refòm estriktirèl ki ka pran ane pou bay rezilta.
Se pa paske pèp la pa entèlijan. Se paske ensekirite ekonomik la limite libète chwa li. Filozofikman, sa poze yon kesyon fondamantal: èske gen vrè libète politik san sekirite ekonomik?
Sistèm nan pa gen objektif elimine mizè vreyèlman, men estabilize li nan yon nivo ki itil politikman. Si mizè a disparèt, depandans lan diminye, panse kritik fè aparisyon li, sitwayen yo kòmanse mande kont, pouvwa a gen pwoblèm. Men si mizè a kontinye, popilasyon an rete nan enkyetid, relasyon favè yo kontinye, sik elektoral la repwodwi menm aktè yo. Se konsa mizè vin tounen yon kapital: li pwodwi vòt, li pwodwi lwayote, li pwodwi silans.
Kesyon an pa sèlman politik; li moral. Lè yon sistèm sèvi ak frajilite moun pou garanti pouvwa li, li antre nan yon kontradiksyon ak prensip jistis la. Pouvwa ki ta dwe sèvi byennèt kolektif la vin sèvi pwòp pèmanans li. Sa fè demokrasi a tounen yon fòm san esans.
Mizè ka sèvi kòm kapital elektoral sèlman jiskaske li depase yon sèten nivo tolerans. Lè fristrasyon kolektif la vin pi fò pase depandans la, lojik la kraze. Depandans ka tounen revòlt. Se poutèt sa kesyon fondamantal la rete: Èske objektif politik la se diminye mizè, oswa optimize li?
Mizè kòm distraksyon kolektif
Mizè pa sèlman fè moun soufri; li okipe lespri yo. Lè yon sosyete plonje nan ensekirite ekonomik ak alimantè an pèmanans, enèji kolektif la deplase soti nan kesyon estriktirèl pou rive chita sou preyokipasyon imedya. Refleksyon sou sistèm nan ranplase pa batay pou siviv chak jou.
Daprè Karl Marx, kondisyon materyèl lavi yo enfliyanse konsyans moun yo. Lè bezwen debaz yo pa satisfè, kapasite pou devlope konsyans kritik la diminye. Moun ki ap chache manje, dlo, travay oswa sekirite pa gen tan pou analize bidjè leta, lwa, oswa estrikti pouvwa. Sa kreye yon efè distraksyon kolektif; kesyon prensipal yo ranplase pa ijans, analiz ranplase pa reyaksyon, òganizasyon ranplase pa siviv. Nan sans sa a, mizè pa sèlman yon sitiyasyon ekonomik; li vin tounen yon baryè entelektyèl.
Laperèz kòm bri pèmanan
Nan lojik politik, distraksyon pa toujou fèt ak amizman; pafwa li fèt ak laperèz. Thomas Hobbes montre nan Le Léviathan ke laperèz ak dezòd pouse moun aksepte otorite.
Lè mizè pwodwi pèdi djòb, ensekirite, vyolans, grangou, sosyete a antre nan yon eta tansyon pèmanan. Tansyon sa a anpeche refleksyon kalm. Moun chache estabilite anvan yo chache jistis.
Lè pè a domine espas piblik la, kesyon sou responsabilite politik vin segondè, kesyon sou sekirite imedya vin prensipal. Se konsa mizè a transfòme laperèz an distraksyon, li retire atansyon sou rasin pwoblèm yo pou konsantre sou sentòm yo. Li lide sa a, mizè fragmante sosyete a. Olye li ini moun kont inegalite, li mete yo an konpetisyon pou ti resous ki ra. Lè chak moun ap lite pou tèt li, solidarite kolektif la febli.
Sa gen kòm konsekans anpeche mouvman yo òganize, li kraze konsyans kolektif, li redwi kapasite pou mande chanjman estriktirèl. Kidonk, mizè a vin sèvi kòm yon ekran: pandan popilasyon an ap lite youn kont lòt pou siviv, kesyon sou sistèm ki pwodwi mizè a rete nan lonbraj.
Mizè kòm jistifikasyon politik
Mizè pa sèlman sèvi pou kontwole oswa pou achte konsyans; li sèvi tou kòm diskou. Li vin tounen yon agiman, yon eskiz, yon zouti retorik pou jistifye echèk, reta, oswa absans vizyon. Gen yon fòm diskou ki repete souvan nan sosyete a ki frajil:«Nou pa kapab fè plis, paske peyi a twò pòv. Nou eritye yon sistèm ki kraze, se kriz la ki anpeche nou aji».
Nan aparans, agiman sa yo sanble lojik. Men kesyon filozofik la se: Èske mizè eksplike tout bagay, oswa èske li kache responsablite? Lè mizè vin yon eksplikasyon inivèsèl, li vin retire kesyon sou konpetans, sou priyorite bidjè, sou move jesyon, sou koripsyon. Li transfòme kesyon politik yo an kesyon fatalite.
Nan refleksyon sou pouvwa, Hannah Arendt te montre kijan kriz kapab itilize pou nòmalize sitiyasyon eksepsyonèl. Lè yon sosyete viv nan kriz pèmanan, li fini pa aksepte feblès enstitisyonèl yo kòm nòmal. Mizè vin tounen yon klima pèmanan ki jistifye inaksyon. Nan sans sa a, lè mizè sèvi kòm jistifikasyon, echèk pa parèt kòm rezilta move chwa; li parèt kòm inevitab. Sa gen yon efè danjere sou konsyans kolektif la: sitwayen yo bese nivo atant yo, medyokrite vin akseptab, responsablite pèdi fòs li.
Politik la pa mezire ankò selon kapasite li pou transfòme reyalite, men selon kapasite li pou jere kriz la san li pa eksploze. Objektif la pa devlopman, men estabilizasyon mizè a. Sa kreye yon kilti tolerans anvè feblès. Olye kesyon an vin: Poukisa nou pa avanse?, li vin: Ki jan pou nou siviv ak sa nou genyen?
Gen yon lòt dimansyon mizè a mete an sèn. Nan analiz sosyete modèn yo, Guy Debord montre nan La Société du spectacle kijan reyalite kapab tounen espektak. Nan lojik sa a, mizè pa sèlman yon pwoblèm; li vin yon imaj ki sèvi pou konstwi lejitimite. Vizit ofisyèl nan katye defavorizeyo, distribisyon èd devan kamera, diskou dramatik sou soufrans pèp la, tout sa kreye yon naratif kote dirijan an parèt kòm sovè, menm si estrikti ki pwodwi mizè a pa chanje. Se pa rezolisyon pwoblèm nan ki vin santral; se jesyon imaj la.
Mizè kòm sistèm òganize
Lè mizè a dire twò lontan, li pa kapab eksplike sèlman pa aksidan oswa move chans. Li kòmanse pran fòm yon estrikti. Sa vle di, li antre nan fonksyònman nòmal sosyete a.
Mizè kòm sistèm òganize pa vle di gen yon reyinyon sekrè kote tout moun dakò pou kenbe popilasyon an pòv. Li vle di estrikti ekonomik, edikatif, jidisyè ak politik yo pa fèt pou kraze inegalite yo, yo repwodwi yo. Sosyològ Pierre Bourdieu montre kijan inegalite repwodwi atravè kapital ekonomik, kapital kiltirèl, ak aksè privilejye ak resous yo. Sa vle di, lè edikasyon piblik la fèb, jistis la pa aksesib pou tout moun, kredi ak opòtinite rezève pou yon minorite. Rezilta a, timoun pòv yo gen plis chans rete pòv, pandan privilèj sikile nan menm fanmi oswa menm gwoup yo. Nan yon sistèm konsa, mizè pa yon epizòd; li vin nòmalite. Li vin yon eta pèmanan kote diferans sosyal yo fije. Mizè a vin parèt kòm desten olye li parèt kòm konstriksyon sosyal.
Gen yon lòt dimansyon ki pi delika: mizè a kapab pwodwi pwòp ekonomi pa li. Nan kèk kontèks, povrete atire: pwogram asistans, ONG, finansman entènasyonal, kontra piblik, pwojè ijans ki repete. Èd sa yo ka nesesè. Men kesyon fondamantal la se: èske yo bati kapasite dirab, oswa èske yo antreteni depandans?
Nan lojik sa a, mizè pa sèlman yon pwoblèm sosyal; li vin yon sous finansman pou kèk aktè. Se sa ki fè kesyon an vin politik e moral. Èske objektif la se fè mizè diminye, oswa jere li pou li rete yon antrepriz?
Lè ekonomi yon peyi depann plis de asistans pase de pwodiksyon, souverènte ekonomik la febli. E lè souverènte febli, kapasite pou pran desizyon endepandan yo diminye. Se konsa mizè ka vin tounen yon mache, yon espas kote anpil moun touche pandan popilasyon an kontinye soufri.
Èske mizè k ap ravaje sosyeye Ayisyèn nan diferan de mizè global la ?
Lè n ap gade mizè k ap ravaje popilasyon ayisyèn nan, nou kapab di se konsekans yon ansanm desizyon ki mete popilasyon an nan kondisyon li ye a. Listwa nou montre nou ke zansèt nou yo te gen yon gran vizyon pou zile sa.
Ayiti pa t fèt pòv. Li te fèt lib. Nan lane 1825, anba presyon Lafrans ak wa Charles X, Ayiti oblije peye yon gwo dèt pou ansyen kolon yo. «Indemnité» sa a senyen ekonomi an jis jounen jodi a. Men listwa pa sifi pou esplike prezan an. Asasinay Anperè Jak Premye an 1806 make kòmansman lit pou pouvwa. Diktati François Duvalier ak Jean-Claude Duvalier, laperèz vin tounen sistèm. Yo pa janm konbat mizè a, yo itilize li. Yon pèp pòv depann de Leta. Yon pèp ki pè pa konteste. Nou pa pitit mizè.
Nou se pitit Vètyè. Mizè pa idantite nou, li se trayizon istwa nou.
Si mizè pa yon fatalite men yon estrateji, repons lan pa ka limite ak chanjman dirijan oswa ak pwomès elektoral. Vrè solisyon an mande yon transfòmasyon pi pwofon: konstwi Ayisyen pou rebati Ayiti. Paske okenn nasyon pa ka panse pi wo pase nivo konsyans, karaktè ak vizyon sitwayen li yo. Si sistèm nan te itilize mizè pou kontwole, pou distrè, pou jistifye echèk oswa pou repwodwi inegalite, se pa sèlman estrikti yo nou dwe korije, men se lespri nou tou nou dwe refòme.
Pou kwape lamizè nan peyi a, nou dwe fòme yon Ayisyen ki gen konsyans kritik, ki pa p vann vòt li pou siviv, ki mande rann kont, ki konnen dwa li epi ki pare pou defann yo. Yon Ayisyen ki pa aksepte mizè kòm nòm, ki pa tolere medyokrite kòm desten, ki konprann diyite pa negosyab. Se nan lekòl, nan legliz, nan fanmi, nan inivèsite, nan medya ak nan tout espas piblik yo konstriksyon sa a dwe fèt.
Référence
ARENDT, Hannah. Essai sur la Révolution. Paris: Gallimard, 1985.
BOURDIEU, Pierre; PASSERON, Jean-Claude. Les Héritiers: les étudiants et la culture. Paris: Minuit, 1964.
DEBORD, Guy. La Société du spectacle. Paris: Buchet-Chastel, 1967.
FOUCAULT, Michel. Surveiller et punir: naissance de la prison. Paris: Gallimard, 1975.
HOBBES, Thomas. Léviathan. Londres, 1651.
MAQUIAVEL, Nicolau. O Príncipe. Tradução de Maria Lúcia. 18. ed. Rio de Janeiro: Paz e Terra, 1996.
MARX, Karl. Manuscrits de 1844: économie politique et philosophie. 1844.
Imaj jenere avèk IA.

Je suis un Haytien conscient, libre et fier. Porté par l’amour profond de ma terre sacrée, je refuse d’accepter la fatalité. Je crois que Hayti est un peuple grand, digne, souverain — digne de sa mémoire et de son avenir.Mais pour faire renaître Hayti réellement, il faut d’abord reconstruire l’Homme haytien :un homme affermi dans sa dignité, éclairé par l’éducation, ancré dans la justice, et animé par l’amour de la patrie.
Hayti peut, et doit, renaître.