Istwa pa konstwi sèlman ak selfi ni ak bel diskou. Li konstwi ak enstitisyon solid, konsyans sitwayen, edikasyon politik popilè, ak yon ekonomi fò.
Depi epòk kolonyal la, Ayiti kenbe nan yon imajinè kote pouvwa, konesans, solisyon, fòs ta sipoze sòti lòt bò dlo. Kit se relijyon (misyonè), politik (pwotèktè etranje), ekonomi (envestisè), oswa menm batay sosyal (militan panafrikanis etranje), nou souvan enteryorize lide ke delivrans nou dwe soti nan peyi etranje.
Dènye vizit Kemi Seba an Ayiti – yon figi medyatik nan mouvman panafrikanis radikal la – antre nan dinamik sa a. Prezans li pote anpil antouzyasm, admirasyon, espwa. Men li revele tou yon patoloji kolektif ki pi fon : enkapasite pou nou kwè ke se pa lòt moun k ap vinn sove nou, men se nou menm ki dwe sove tèt nou. Tendans sa a, Fanon rele li alyenasyon kiltirèl, sa vle di lè yon pèp ki sibi dominasyon sispann kwè li ka panse tèt li, gouvène tèt li, chanje tèt li.
Kemi Seba se yon militan politik fransè-beninwa, li fè non li nan pozisyon li kont Lafrans ak mouvman panafrikanis la. Li denonse Fransafrik, li kritike neyokolonyalis, li kont monnen CFA a. Gen aspè ki lejitim nan konba li. Tout fwa, li chaje ak enterè pèsonèl, alyans estratejik, e pafwa li rapwoche ak rejim otoritè an Afrik.
Li pa Ayisyen. Li pa janm viv reyalite sosyal, lengwistik, ak istorik pa nou. Li pa janm soufri grangou nan Site Solèy, ni li pa janm viv kè sote gang. Wi, li pale sou panafrikanis, se yon bon bagay. Men batay ayisyen an pa yon chapit segondè nan istwa Afrik. Se yon batay espesyal, ki sòti nan istwa revolisyonè, politik ak jewopolitik pa nou.
Vizit tankou sa Kemi Seba fè yo se tankou espektak politik : yo bay enpresyon pèp la ap leve, ke gen yon priz konsyans, e se yon moman istorik. Souvan, lè yo ale yo kite dèyè vid, san estrikti, san òganizasyon, san plan reyalis. Ayiti deja pase misyonè, ONG, ajan Nasyon Zini, vedèt, chèf relijye, pansè etranje. Men ki rezilta yo? Istwa pa konstwi sèlman ak selfi ni ak bel diskou. Li konstwi ak enstitisyon solid, konsyans sitwayen, edikasyon politik popilè, ak yon ekonomi fò.
Yon moun lib se yon moun ki pa ret tann anyen de pyès moun, se sa Jean-Paul Sartre te ekri. Se verite ayisyen jodi a. Pyès moun p ap vin fè sa nou menm nou refize fè pou tèt nou.
Revolisyon 1804 la te yon zak delivrans pou tèt nou. Pa gen Afriken ki te vin limen dife a. Pa gen Ewopeyen ki te vin delivre nou. Se te yon pèp esklav, anmajorite analfabèt, ki kraze lame ki te pi fò nan epòk la. Yo pa t ret tann yon Kemi Seba. Yo te aji. Poukisa jodi a, jenès nou an ap chèche modèl lòt bò? Poukisa nou bezwen yon “gran frè Afriken” pou vin di nou kiyès nou ye? Nou dwe kraze lojik sa a.
Kemi Seba sèvi ak yon retorik popilis ki fasil touche imajinè kolektif la : anti-enperyalis, rejè de Loksidan, apèl pou inite nèg. Men si diskou sa yo pa akonpaye ak rigè politik ak rasin lokal, se senp slogan y ap rete.
Ayiti pa bezwen plis bèl diskou. Sa li bezwen se : refondasyon Leta a; refòm sistèm edikatif la; yon plan jistis sosyal; granmounite nou; fyète nou; diyite nou; aksè inivèsèl ak dlo, elektrisite, sante, travay, elt. ak yon mouvman politik ki pran rasin nan katye popilè yo ak nan provens yo.
Pa gen etranje ki ka òganize sa pou nou. E Kemi Seba, malgre bèl pawòl li, li p ap viv nan katye pa nou, li p ap fè fil pou jwenn paspò, li p ap sibi imilyasyon n ap sibi yo.
Thomas Sankara, gran figi panafrikanis revolisyonè, te di : « Sa ki ba w manje a ap kontwole w ». An nou mete sa sou yon lòt fòm : sa ki panse pou ou, ap dirije w. Sa ki mobilize w san li pa konnen w, ap itilize ou.
Granmounite se pa yon drapo ni yon diskou. Se endepandans nan panse, nan estrateji, nan vizyon. Vre souverènte ayisyen an kòmanse lè chak sitwayen ayisyen vin aktè politik, pwodiktè solisyon, pou bati lavni li.
Sa Ayiti bezwen, se pa yon lòt figi spektakilè ki sòti aletranje. Se plizyè dizèn, plizyè santèn, plizyè milye jèn lidè ayisyen, ki gen rasin lakay, ki gen konesans, ki angaje, ki gen fòmasyon politik, ki kapab kenbe tèt kont kòripsyon, laperèz ak dekourajman.
Se nou menm ki dwe : rebati memwa kolektif ayisyen an; reenvante rèv nasyonal la; mete ansanm peyizan, pwofesè, enfimyè, atis, avoka, migran, elt.
Ayiti pa bezwen yon lòt gid. Vizit Kemi Seba a dwe sèvi nou kòm leson, pa kòm modèl. Yon leson vijilans, fas ak bèl pawòl ki vid. Yon leson klète, fas ak tantasyon pou nou kouri kite responsablite istorik nou. E pi enpòtan toujou, yon leson reangajman nan pwojè nasyonal pa nou. Moun ki kwè chanjman ap sòti lòt bò, se moun k ap kontinye soumèt tèt yo.
Pa janm bliye sa, pa janm mande sa peyi w ka fè pou ou, mande pito sa w ka fè pou peyi w, jan John F. Kennedy, prezidan Etazini an te di l.
Pierre-Erick BRUNY
Avocat Pénaliste et chercheur en philosophie | Conférencier | Pdt MALE | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.