Hayti politique sociologie politique

Nan mitan yon swadizan elit kap eseye danse sou simityè verite, Thòy’Art dwe sakrifye.

Kiyès ki pa konnen nou nan 2025 men, nan kè kapital peyi d Ayiti, se nan sachè nwa moun yo ap fè bezwen yo? Kiyès ki pa konnen se dèyè machin anpil Ayisyen ap veye pou fè bezwen yo ? Nou pa konnen tou se anba zakasya moun chita pou rezoud pwoblèm yo.

Kisa ki twalèt pou anpil Ayisyen an Ayiti nan 2025 lan se: se anba yon jaden pwa kongo, se anba plèn kafe, se dèyè yon gwo wòch, dèyè yon touf zèb. Kisa ki papye ijyenik pou anpil Ayisyen an Ayiti se: Yon wòch, se yon ponyen fèy pwa kongo, se yon baton mayi. Si w pa ipokrit ou paka di ou pa konnen sa a.

Gen yon krim sosyal ki pi grav pase koripsyon ekonomik, pi danjere pase vyolans politik, pi destriktif pase mizè finansye: se lè yon elit chwazi kache reyalite pèp li, kache verite sosyal yo, kouvri malè ak bèl  pawòl, ak estatistik fo. Lè sa rive, peyi a pa sèlman malad: li vin avèg sou pwòp blese li. Yon pèp ka soufri, men li reziste. Men yon pèp ki pa konnen verite sou pwòp lavi li, ki pa gen mo pou nonmen doulè li, se yon pèp yo dezame.

Se la dram lan ye. Peyi ki te deklare libète, egalite, fraternite pou tout nèg sou tè a, rive nan pwen kote pitit li yo oblije estoke lasajès trip yo nan sache plastik. An menm tan, kèk swadizan  entèlektyèl , kèk  atis , kèk lidè opinyon  ap jwe teyat sou rezo sosyal, ap fè estati ak diskou sofistike, pandan trip pèp la ap glise nan labou. Se nan mitan kontradiksyon sa a Thòy’Art parèt kòm yon obligasyon: se pa yon kapris, se pa yon jwèt, se pa yon pwojè bèl afich,se yon sakrifis.

Lè m di « swadizan elit kap danse sou simityè verite », se pa yon metafò pou dekore fraz. Se reyalite. Gen yon gwoup moun nan politik, nan ONG, nan medyasyon entènasyonal, nan kilti tou  ki bati karyè yo sou manti ak silans. Yo konnen sitiyasyon an kriminèl, men yo  di « kriz », « ensètitid », « difikilte estriktirèl ». Yo apwopriye mo pou blanchi koupabilite yo. Yo pale de devlopman pandan pwòp kapital la vin pi sal pase depo fatra. Yo pale de rezilyans pandan timoun ap dòmi sou twotwa. Yo pale de demokrasi  pandan pèp la pa menm gen twalèt piblik. Tout diskou sa yo se danse sou simityè verite a.

Pandan n ap vanse gwo mo yo, kisa nou fè pase Thòy’Art? Mwen pa wèl tankou yon atis kap chache vizibilite, k ap fè ekspozisyon pou fè bèl foto. Kilè n ap brize konfò entelektyèl pou antre nan kan pèp la.Sakrifye bèl langaj pou pale ak mo ki soti nan trip moun. Pandan mond lan ap fè konferans sou klima, sou teknoloji, sou entèlijans atifisyèl, nou menm nou poko gen kote menm nan kapital peyi a pou fè bezwen nou. Ki atis ki ka rete endiferan devan sa a? Ki entelektyèl ki ka kontinye ekri tèz san li pa manyen imilyasyon sa a?

Gen de kategori moun kap fè bri nan sa Thòy’Art di a.Elit politik ak ekonomik la, ki bezwen mizè a pou yo ka kontinye dirije. Atis dekoratif yo, ki sèvi ak mizè a kòm dekò pou yo fè imaj « angaje » pandan yo pa janm atake rasin pwoblèm nan. Pèp la nan labou, nan lari, ap fè bezwen yo nan sachè nwa, swadizan Elit la nan salon, nan konferans, nan reyinyon ak anbasadè, yo di y ap chache solisyon. Men solisyon yo pa janm pase pa kesyon diyite.

Yo pale de sekirite san yo pa pale de twalèt. Yo pale de envestisman san yo pa pale de aksè a dlo. Yo pale de eleksyon san yo pa pale de kondisyon minimòm pou lavi. Si atizay, pawòl, panse, filozofi pa itilize pou  pran pozisyon klè bò kote moun k ap viv nan sache nwa yo, tout rès la se komedi.Oswa w nan kan moun kap fè komedi sou kadav verite a, Oswa w nan kan moun ki aksepte sakrifye l pou di verite a, menm si sa koute l chè.

Lè swadizan elit ekonomik, politik oswa entelektyèl ap kache reyalite sosyal yo, yo pa fè sa pou lapè sosyal. Yo fè sa pou kontinye jwi privilèj yo san yo pa gen pou rann kont.Yo bati yon peyi fiktif kote tout bagay ap mache, kote devlopman egziste sou papye, kote mizè se eksajerasyon, epi kote moun ki plenyen se sabòtè.

Yon sosyete ki pèdi konfyans nan verite  antre nan anachi moral, kote chak moun soti pou tèt pa yo, kote valè kolektif yo tounen pousyè.Se pèp la sèlman ki peye pri manti elit yo.Elit la gen mwayen pou kouri kite peyi a, voye pitit li etidye nan peyi tranje, ale lopital lòt bò dlo, jwenn pwoteksyon.Men pèp la, se li ki pote : Chay mizè,chay ensekirite,chay koripsyon,chay fristrasyon elatriye.

Lè elit la pa vle wè reyalite a, peyi a antre nan fènwa.

Lè elit la pa vle tande doulè pèp la, peyi a antre nan silans.
Lè elit la pa vle di verite a, peyi a antre nan ilizyon.

Epi pa gen okenn peyi ki janm konstwi lavni li sou ilizyon.
Verite a ka fè mal, men se sèl wout ki mennen liberasyon.

 

Leave Your Comment