Gen kesyon ki pa senp. Gen repons ki pa dous. Gen chwa ki pa fèt ak kè ki lejè, men ak konsyans ki peze lou. Kesyon an tonbe tankou yon kout wòch : Ant Ayiti ak fanmi w, kisa w t ap chwazi? Ant Ayiti ak madanm ou ki sa w t ap chwazi ? Ant Ayiti ak Pitit ou kisa w t ap chwazi ? ant Ayiti ak Manman w kisa w t ap chwazi ? E mwen pran yon poz, mwen respire… e mwen di : mwen chwazi Ayiti.
Men kisa sa vle di ? Sa pa vle di mwen pa renmen fanmi m. Sa pa vle di san ki nan venn mwen vin frèt. Sa pa vle di mwen pi sen pase yo. Sa pa vle di yo pa enpòtan. Non. Li vle di gen yon bagay ki depase mwen, yon bagay ki depase nou, yon bagay ki rele devwa, ki rele rasin, ki rele istwa.
Fanmi se kò. Ayiti se nanm. Fanmi se branch ki fleri sou pye bwa a. Men Ayiti se pyebwa a ak rasin ki fouye fon nan tè ak kòf ki pran kout rach listwa, ak fèy ki tonbe men ki toujou retounen.
Fanmi m, mwen pote yo nan kè m. Ayiti, mwen pote li nan san m, nan nanm mwen. Chwazi Ayiti, se pa vire do bay fanmi. Se pwoteje avni yo. Se asire pitit yo yon demen ki gran, diy, fyè e pwospè. Mwen p ap ka sipòte kesyon sa a : Papa, kote ou te ye lè Ayiti t ap plonje a?
Pou mwen menm, gen yon verite sakre : Lè ou sove Ayiti, ou sove fanmi w ladan l. Men, lè ou kraze l, fanmi w vin pousyè ladan l.
Ki sa w ta chwazi? Mwen chwazi Ayiti paske se Ayiti ki fè fanmi m posib. Se li ki fè non m gen sans. Se Ayiti ki ban m vwa pou m pale, dèy pou m kriye, chan pou m espere. Mwen chwazi Ayiti paske fanmi pa grandi nan dezè. Yo grandi sou yon tè. Mwen refize kite tè sa a vin simityè rèv yo.
Ant Ayiti ak fanmi m… Kè m tranble, men konsyans mwen klè : Mwen chwazi Ayiti. Pou fanmi m. Pou peyi a. Pou tout moun ki p ap janm jwenn kouraj pou di l. Pou tout moun ki pè, ki bouke, ki dekouraje. Pou tout moun ki swete yon demen gran, diy, fyè e pwospè.
Chwa mwen pou Ayiti pa soti nan yon kè ki brize, men nan yon kè ki reveye. Se pa yon zak kont fanmi, men yon zak pou limanite ki vin aprè nou. Se yon chwa ki antre nan menm liy ak tout pèp ki te leve kont laperèz yo pou defann diyite yo.
Chak jenerasyon gen misyon pa yo. Gen jenerasyon ki te koupe chenn. Gen lòt ki te leve drapo. Nou menm, misyon nou se redrese lespri, leve nasyon, ranmase tout ti moso limanite ki gaye nan konkou malè, epi ranje yo nan yon sèl mo : Ayiti.
Si mwen chwazi Ayiti se paske mwen konprann ke peyi a p ap chanje si pèp li a kontinye fè chwa fasil la. Se paske mwen refize kite politik rete nan men mechan, e filozofi rete nan liv. Se paske mwen kwè pwezi kapab vin zam, e konsyans kapab vin revolisyon.
E si demen pitit pitit mwen mande m : Pouki ou te chwazi Ayiti sou fanmi w?
M ap reponn yo konsa :Paske yon moun ki abandone peyi li se tankou yon pyebwa ki abandone rasin li. Li ka fleri yon ti tan, men li p ap janm viv pou lontan.
Mwen chwazi Ayiti pou diyite pèp mwen an, pou sa nou reprezante nan mond la e pou grandè zansèt nou yo.