Li difisil pou w te pase lekòl an Ayiti pou w pa t gen Ti Malice, oubyen pou w pa t konnen kisa ki Ti Malice la. Li se premyè liv ou pase lekòl. Li se premyè kontak ou genyen kòm endivi ak liv. E pwofesè ki konn anseye moun ki gen Ti Malice yo, se moun ki gen anpil pasyans, paske se te premyè relasyon timoun sa yo ta pral genyen ak liv.
An Ayiti, achte liv chak lekòl pral ouvri se toujou yon pwoblèm pou paran yo pou kesyon ekonomik. Anpil paran, sitou sila ki gen plizyè ti moun yo, toujou achte liv pou pitit yo e yo remèt timoun sa yo liv sa yo ak yon kondisyon : liv la pa pou ou. Sa vle di fòk ou pwoteje l pou ti moun k ap vini aprè w yo ka jwenn li pou yo itilize. Paske paran yo pa gen mwayen pou achte liv chak ane.
Men Ti Malice la, yo toujou fè efò pou achte l bay chak ti moun paske se nwayo a, se baz la, donk ti moun yo dwe genyen l. Men chak ti moun gen yon relasyon pèsonèl ak Ti Malice pa yo a. Mwen menm, m te toujou konnen si Ti Malice mwen an chire m ap nan gwo pwobèm. Pou sa, mwen toujou fè tout sa ki depann de mwen pou m pwoteje Ti Malice mwen an.
Menm ke swè prèske fini ak po Ti Malice la, men mwen toujou kenbe l di. E si yon paj ta rache nan liv sa a, mwen oblije fè kou mèt Jan Jak pou m jwenn paj sa a pou m kole li nan plas li. Men, gen ti moun tou ki jete Ti Malice pa yo a depi nan premyè semèn lekòl la. Konsa tou gen lòt ki konsève li menm ke yo rive nan gran klas.
Ti Malice tèlman te enpòtan nan lavi nou, menm ke nou nan goumen ak lòt timoun, nou te toujou fè efò pou pwoteje li. Souvan, ak timoun n ap batay la, li te toujou ap chèche yon fason pou pran Ti Malice nou an pou li chire. Donk, nou te toujou ap pwoteje Ti Malice nou an jan nou kapab. Paske si n pa ka pwoteje Ti Malice pa nou an, lè n ta vin gen La joie de lire nou p ap ka pwoteje l tou. Lè nou vinn gen gramè a, nou p ap ba li enpòtans. Sa k te bèl la, menm ke paran nou ap chanje nou lekòl, n ale ak menm Ti Malice la.
Pou mwen Ayiti se tankou yon Ti Malice. Tout kote m pase li anba bwa m. Menm ke mwen nan yon lòt peyi, li la pirèd. Malgre tout sa k ap pase, anyen pa ka retire Ayiti nan mwen paske li se rasin lan. San li, mwen pa anyen e mwen pa t ap menm egziste. Jounen jodi a, gen anpil Ayisyen depi yo kite Ayiti, yo pa vle tande pale de li ankò:
– Sa yo se moun ki te konn jete Ti Malice pa yo nan raje.
– Se sila yo ki te konn jete Ti Malice yo a lè y ap chanje lekòl.
– Se ti moun ki pa t konn respekte prensip paran yo te ba yo.
Pwiske Ti Malice mwen an se nwayo mwen, se baz mwen, se bousol k ap moutre m chemen an, mwen pa ka kite l dèyè.
Lè w rive Etazini, Brezil, Chili, ou natiralize, pou w bay enpòtans ak peyi sa yo, fòk ou te konn bay Ayiti enpòtans. Si w pa t konn fè l, w ap kontinye krache sou yo. Se pa paske ou rive Etazini, Brezil, Chili, elatriye, pou fè w bliye Ti Malice ou ki se Ayiti.
Chak nan nou dwe sonje nou gen responsabilite pou pwoteje ak cheri Ti Malice nou, paske san li nou pa t ap konn li. Menn jan li di nan Revelasyon 3:11 : Kenbe sa ou genyen an fèm pou peson pa wete rekonpans ou nan men ou. Nou dwe travay e kenbe Ayiti fèm pou nou pa pèdi privilèj nou nan Ayiti demen an ki kòmanse deja.
Nou dwe kenbe Ayiti fèm pou pèsòn pa pran l nan men nou. Men an menm tan, pa bliye menm jan lè w soti lekòl paran w te toujou ap mande w : kote liv ou ? Kote Ti Malice la ?
Pierre-Erick BRUNY
Jean Marc ESTERLIN
Marcus David BIEN AIME