Jodi a, pandan yon fòmasyon ak frè ak sè mwen yo, nou te pran tan poze tèt nou gwo kesyon ki tèlman enpòtan pou egzistans nou: Kiyès nou ye? Ki kote nou soti? Kisa solidarite ak konbit kapab pote pou konstwi yon sosyete ki jis? Kesyon sa yo pa senp, men yo ouvè pòt pou nou reflechi sou tèt nou, sou eritaj nou, ak sou avni nou.
Yon Pèp San Rasin se Yon Pèp San Avni
Se pa pou anyen yo di: “Yon pèp ki pa konnen kiyès li ye, se tankou yon pye bwa san rasin: fasil pou kase, fasil pou rache.”Nou pa ka pale sou avni san nou pa konnen kote nou sòti. Nou se pitit plizyè istwa ki melanje ansanm pou fòme pèp ayisyen an:
- Pitit Lafrik, rache nan kontinan yo pou vin esklav nan zile Ayiti. Se nan doulè, nan chenn ak nan san ke yo te fòse zansèt nou yo viv.
- Pitit Taino, premye pèp ki te abite sou tè sa a, ki disparèt anba kolonizasyon ak masak.
- Pitit Revolisyon Ayisyen, premye revolisyon nan listwa mond lan ki te kraze esklavaj epi kreye premye Repiblik Nèg endepandan nan lane 1804.
Revolisyon sa a te plis pase yon batay pou endepandans; li te yon kri pou diyite, pou libète, pou dwa moun. Nou te premye ki leve kont Lafrans, Espay, ak Angletè ansanm. Nou te bay lemonn yon leson limanite pap janm bliye: libète pa yon kado, se yon dwa natirèl.
Fyète nan Pase nou, Men Wont nan Prezans nou
Eritaj sa a ta dwe fè nou kanpe dwat, fyè de tèt nou. Men jodi a, reyalite a pi difisil. Apre 1804, gwo pwisans yo te mete tout fòs yo ansanm pou izole Ayiti. Yo te fè konplo, yo te itilize dèt, yo te ankouraje divizyon. Anndan peyi a, elit yo te pito pran pouvwa pou enterè pèsonèl olye pou yo bati yon vizyon kolektif. Rezilta a se sa n ap viv jodi a: yon pèp ki soufri, yon peyi yo rele “pi pòv nan emisfè oksidantal la”.
Men an nou sonje: povrete pa sèlman kesyon lajan. Se tou yon kesyon lespri ak vizyon kolektif. Lè yon pèp pèdi konfyans nan tèt li, lè li sispann kwè nan kapasite li, se la vrè povrete a antre.
Men gen yon lòt reyalite: nou se yon pèp rezistan. Chak fwa gen kriz, chak fwa gen trajedi, toujou gen moun k ap leve pou chache yon lòt chimen. Nou gaye nan tout mond lan, nou pote kilti nou, lang nou, kouraj nou. Men, pou chanjman fèt vre, nou bezwen rebat lespri nou. Nou dwe aprann wè tèt nou pa kòm yon pèp ki toujou anba, men kòm moun ki gen kapasite pou konstwi, pou kreye, pou dirije.
Frankétienne te di yon pawòl ki frape anpil: “Ayisyen se yon pèp ki danse sou kadav li, men ki toujou chante lavi.” Pawòl sa a se yon glas: li montre kapasite nou pou reziste, men li raple nou tou danje pou n viv nan yon sik san fen soufrans san vrè solisyon.
Sistèm nan Mete Nou Deyò, Men Nou Pa Pèdi Lakay Nou
Anpil nan nou pa t prepare pou kite peyi a. Nou te anvi rete, travay, kontribye, grandi lakay nou. Men sistèm ekonomik ak politik la, ansanm ak vyolans ak ensekirite, fòse nou pran chemen lòt peyi. Se pa yon chwa, se yon kondisyon yo te kreye pou mete nou deyò.
Men an nou sonje: se pa paske nou deyò, nou pa ka konstwi lakay nou. Se pa distans ki detèmine angajman, se mantal nou, vizyon nou, ak kapasite pou nou òganize. Diaspora a gen yon wòl enpòtan pou jwe nan rebati Ayiti. Lajan, konesans, eksperyans ak rezo yo dwe sèvi kòm zam pou devlopman, pa sèlman pou konsomasyon.
Solidarite ak Konbit: Zouti Nou pou Libere Tèt Nou
Nan tout listwa nou, youn nan pi gwo fòs pèp ayisyen an se konbit la. Lè tout moun pote men, travay vin pi lejè, tout moun benefisye. Konbit pa sèlman yon zouti agrikòl; se yon filozofi lavi. Se yon leson solidarite ki ka sèvi kòm fondasyon pou rebati peyi a.
Pou nou rive konstwi yon sosyete ki jis, nou dwe:
- Rekonstwi konfyans youn nan lòt. Nou dwe sispann kite lènmi yo sèvi ak divizyon (pa zòn, pa klas, pa politik) pou kraze nou.
- Pran responsabilite pèsonèl nou. Chak moun dwe mande tèt li: Ki wòl mwen nan batay sa a? Pa gen chanjman san angajman chak moun.
- Fè solidarite vin yon aksyon, pa sèlman pawòl. Sa vle di ede youn lòt, mete resous ansanm, bati estrikti pou avni.
Yon Pèp ki Pa Janm Bese Tèt
Malgre tout doulè, tout tray, tout trayizon, pèp ayisyen an toujou kanpe. Nou se pitit yon ras ki pa janm bese tèt. Nou se flanm libète nan lemonn. Men flanm sa a dwe limen ankò nan kè nou, nan konsyans nou, nan aksyon nou.Nou dwe aprann nan erè pase a pou nou pa repete yo. Nou dwe bati yon vizyon kolektif, mete diyite ak solidarite nan sant pwojè nasyonal nou la. Paske se sèlman ansanm, nan inyon ak nan respè youn pou lòt, n ap ka rebat Ayiti.
Konklizyon: Nou Se Istwa, Nou Se Avni
Kesyon “Kiyès nou ye?” se pa yon jwèt. Li se fondasyon tout chanjman. Nou se pitit yon pèp k ap batay depi plizyè syèk pou libète. Men jodi a, batay la chanje: se yon batay mantal , pou vizyon, pou grandè, diyite ak fyète.
Ayiti se pa sèlman tè nou, se nanm nou. Kèlkeswa kote nou ye sou latè, Ayiti nan kè nou. Se pou sa, nou dwe repete chak jou: Nou pa pèdi. Nou ap leve. Nou ap rebati.
Pierre-Erick BRUNY
Avocat Pénaliste et chercheur en philosophie | Conférencier | Pdt MALE | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.
Photos: Artiste Nerisson