culture Hayti Philosophie sociologie politique

Kilti m se zam mwen ! #2

Kilti a se yon ansanm ki konplèks paske li gen ladan li konesans, savwafè, kwayans, atizana, pozisyon moral, dwa, koutim, lwa ak tout lòt kapasite ak abitid èt imen an enkilke nan li kòm manb andedan sosyete a. Nan kontèks sa a, kilti a anglobe nan yon fason jeneral tout endividi nan espas la. Si li enposib pou èt la viv andeyò espas la, enbyen kilti a fasone vi tout moun kèlkeswa sosyete w ap evolye a.

Ki danje ki genyen lè nou kriminalize kilti yon pèp oubyen lè nou djabozile l?

An Ayiti, toujou gen yon baryè parapò ak kilti nou, toujou gen yon fason ke moun k ap viv andedan sosyete a kriminalize ak djabolize kilti a. Youn nan rezon ki koz sa yo, se yon mank konesans sou kilti a ak enpòtans li genyen nan devlopman endivi a andedan sosyete a. Li enposib pou nou disosye èt la ak kilti a paske li se tout bagay ki konstitye endivi a. Mwen kapab di san kilti ou gen yon sijè enkonplè.

Youn nan bagay ki fè ke sosyete a kriminalize ak djabolize kilti nou se yon kesyon relijye, men si moun yo te konnen ke ou pa ka relijye san ou pa gen yon kilti, yo t ap gen yon lòt apwòch de kilti Ayisyèn nan. Se pou rezon sa a, li fondamantal pou gen yon konvèzasyon entèrelijye jan Jacques Dupuis di li. Li menm avanse pou l fè konprann ke dyalòg sa a enpoze l ak nou tout paske nou se pitit menm kreyatè, nou gen menm orijin e nou gen menm destine.

Donk, kriminalize kilti nou, fè ke nou pa jwi de bèlte ki genyen nan peyi a. Si n ap konsidere literati a fè pati de kilti a, sa vle di li yon bon liv san ou pa bezwen konnen kwayans otè a kapab ede w avanse kiltirèlman. Mizik nou yo, dans nou yo, sous dlo nou ak rivyè nou yo, kafou nou yo, rara, azaka, gagè, yo tout elatriye fè pati de kilti nou.

Men kesyon vodou a se youn nan aspè fondamantal ki koz anpil nan nou refize ale nan yon ansanm de aktivite, andwa oubyen menm asiste ak yon ansanm de anbyans ki kapab ede nou devlope sou yon ang kiltirèl. Men si nou konsidere vodou a kòm yon eleman kiltirèl, nou kapab rive ak yon konklizyon ke tout Ayisyen gen vodou a nan yo, paske pa gen endivi san kilti, e pa gen yon fason ou kapab fraksyone kilti a pou w di men sa w ap pran ak menm sa w ap jete. Nan kontèks sa a, kòm eleman kiltirèl nou tout genyen l nan nou.

Menm jan Dr. Jules Casseus di l la, se pa paske ou kretyen ki fè ou efase tout tras vodou a nan ou, menm ke ou fèt nan yon fanmi kretyèn vodou a toujou enfliyanse w kòm eleman kiltirèl nan fason nou panse, nan fason nou aji ak nan fason nou viv an jeneral. Donk pou nou akonpli misyon nou nan sosyete a li enpòtan pou nou mete an valè tout sa ki gen a wè ak kilti nou. Dayè, Hans Kung deklare ke lòm nan pa dwe viv nan yon fason inimèn men li dwe viv imènman, sa vle di li dwe akonpli misyon l nan limanite nan tout enplikasyon l, tout dimansyon ak tout nivo. Sa fè nou konprann prive endividi a de kilti li se fè l viv yon vi medyòk.

Se pou sa li enpòtan pou pratik nou yo reflete kilti nou, tradisyon nou, mès nou, mit nou, istwa nou, tout sa ki fè nou Ayisyen, manje nou yo, dans nou yo, elatriye.

Jounen jodi a, lè nou gade peyi nou, menm aksè ak kilti a nou ka di nou pa genyen, e nou pa fè efò tou pou kreye l. Tankou ale nan sinema pa egziste ankò e nou konnen ki enpòtans sinema a genyen kòm lwazi e kòm aspè kiltirèl. Teyat, konsè, restoran, ale nan libreri, bibliyotèk, vizite sit touristik yo, elatriye. Se ansanm bagay sa yo ki kontribye nan fòme endivi a, e tout mank sa yo gen yon reflè dirèk sou kalite moun n ap pwodwi pou Ayiti.

Daprè UNESCO, kilti a nan yon sans laj konsidere kòm yon ansanm trè distenk, espirityèl, materyèl, entèlèktyèl e aktif ki karakterize yon sosyete oubyen yon gwoup sosyal. Se poutèt sa, nan tout sosyete ki vle kite yon demen miyò pou sila k ap vini yo, toujou mete kilti yo an valè paske yo konnen ki efè sa genyen sou èt la andedan sosyete a. Se sa ki fè yo gen yon politik kiltirèl, yo pèmèt ke kilti a aksesib ak tout kouch sosyal yo. Lè n ap gade pa bò lakay nou, nou ta ka di nou se yon jenerasyon ki grandi san kilti.

Men youn nan rezon ki koz kilti a pa aksesib ak popilasyon an, fòk nou pa bliye n ap viv nan yon sosyete de konsomasyon, kote ke tout bagay gen yon pri, e majorite moun nan peyi a nan chomaj. Malgre leta a pa gen oken politik kiltirèl pou peyi a, e yo pa pèmèt non plis ke moun yo gen aksè pou yo travay, o mwen endividi a ta bay tèt li aksè a. N ap mande tou, èske moun ki nan leta yo kiltive, èske yo konnen enpòtans kilti a genyen nan devlopman èt la.

Leta pa pran swen sit touristik nou yo, yo pa kreye kondisyon pou moun yo al vizite yo, leta pa kreye lokal pou moun al nan sinema, prèske pa gen mize, pa gen bibliyotèk , night club nou yo prèske pa egziste, e sa ki genyen yo moun yo pa gen mwayen pou yo jwenn aksè ak yo. Sa vle di nou gen yon sosyete ki apovri nan tout entegralite l. Youn nan kouch nan sosyete a nou ta kapab di ki ta youn nan pi gwo konsomatè kiltirèl se jèn yo malgre absans leta a. Ou santi tou jèn yo gen lòt prewokipasyon, men kesyon kilti a pa entèrese yo. Yo jis ap chache tout sa ki fasil ki pa kontribye nan devlopman newonal yo.

Si se avèk kilti a lòm nan kapab panse pou yon sosyete miyò, kòman nou ka reve yon Ayiti miyò pandan nou pa gen yon politik kiltirèl, pandan moun ki ta dwe ap panse kilti pou sosyete a pa gen kilti li menm. Lè nou konnen ki enpòtans kilti a genyen nan kesyon idantite nou, jounen jodi a nou ka di se rezilta yo n ap viv la a. Pa janm gen yon gouvènman ki vini ak yon pwojè e yon vizyon pou fè yon piblisite sou enpòtans ak nesesite kilti a genyen nan konstriksyon èt la. Nou kapab di pwoblèm kiltirèl la se youn nan eleman ki kontribye nan fè nou pèdi reyèlman idantite nou.

Se pa pou san rezon konpatriyòt nou yo vle tout bagay, men mwens Ayisyen, paske yo pèdi koneksyon ak kilti yo, donk yo dekonstwi kiltirèlman. Sa fè nou pa konn kiyès nou ye e nou rive adapte nou ak tout sa ki vin jwenn nou. Nou rive nan yon faz ou ta di nou tèlman grangou tout manje ki vin devan nou, nou manje l. Depi plizyè deseni nou pa valorize kilti nou tou, nou gen enpresyon ke nou wont de sa nou ye e sa anpeche n afiche eritaj kiltirèl nou yo.

Men se yon travay ki pa fèt. Lè nou konsidere ke valorize kilti a ta dwe yon travay entèlèktyèl, sa fè nou santi klas entèlèktyèl peyi a pat janm ap panse pou yon demen miyò, men yo te toujou ap chache manje. Yon elit entèlèktyèl grangou pa ka pwone kilti paske yo alyene nan chache valorizasyon nan men etranje.

Se tris pou sinema a ki se yon mwayen ki te kapab itilize pou pèmèt gen yon transmisyon kiltirèl ki fèt, men jounen jodi a se feyton ki ranplase sinema a, se youtube ki ranplase lokal pou moun al gade fim. Kòman ou vle gen yon sosyete kote moun yo kapab kowabite e viv an amoni lè nou pa gen oken pwen de rankont. Kanaval ki se youn nan evenman kiltirèl ki pi gran ke nou konn fè deplase kite peyi a. Moun k ap chache manje yo pa janm di anyen paske sa pa enpòtan pou yo.

Nou rive konprann pou Ayiti repran chemen granmounite a dwe gen yon maryaj kiltirèl ak edikasyon ki fèt e k ap rive ba nou vrè endepandans reyèl la. Lè sa a, n ap gen Ayisyen ki konnen sa yo vo e k ap fyè pou yo vann sa yo genyen ak sa yo posede : istwa nou, lang nou, vodou a, patrimwàn touristik nou yo, mizik nou yo, elatriye.

 

Pierre-Erick Bruny

Je suis un Haytien conscient, libre et fier. Porté par l’amour profond de ma terre sacrée, je refuse d’accepter la fatalité. Je crois que Hayti est un peuple grand, digne, souverain — digne de sa mémoire et de son avenir.Mais pour faire renaître Hayti réellement, il faut d’abord reconstruire l’Homme haytien :un homme affermi dans sa dignité, éclairé par l’éducation, ancré dans la justice, et animé par l’amour de la patrie. Hayti peut, et doit, renaître.

Leave Your Comment