Lang lan se yon mwayen ke endivi a asimile ak gwoup moun li kowabite a e se atravè li ke paran yo pale ak piti yo e yo itilize l pou transmèt tout eksperyans ak valè yo bay jenerasyon k ap vini yo.
Nan tan pase yo, yo te konsidere moun kòm apèn yon èt pami lòt espès yo. Nou te gen yon kontak entim ak nati a, nou te ilitize li tankou kamarad nou. Pratik nou yo, kwayans nou yo ak valè nou yo te an amoni ak nati a. Nou ta kapab di kòsmòs la te diferen parapò ak reyalite n ap obsève jounen jodi a.
Avèk evolisyon tan an, anbisyon nou yo, konkèt nou yo, fason nou domestike nati a chanje relasyon nou te genyen ak li, se kòmsi nou modifye jan bagay yo te ye. Avèk nouvèl kapasite teknolojik nou yo, metòd pou akeri konesans yo pouse lòm nan genyen yon otokonfyans ki separe l ak nati a. Revolisyon teknik ak syantifik sa yo pote anpil pwogrè, men li detwi tou relasyon nou te genyen ak nati a. Pa rapò ak tout sa yo, nou gen enpresyon ke nati a fè silans pwiske nou pa nan kondisyon pou nou konprann efè k ap degaje yo. E nou vin konprann ke lòm nan vle mete an defi egzistans lan. E se menm relasyon sa tou ki genyen ak kilti a.
Mo kilti a ka itilize nan plizyè sitiyasyon, men ak definisyon diferan. Biyolojis yo refere yo ak kreyasyon de yon ansanm animal kote yo pale de kilti kòm yon jèm, menm jan yo pale de kilti karapas yo. Nan yon langaj senp, nou di moun ki frekante bon lekòl, ki li bon liv, ki tande bon mizik, ki gen yon bon alimantasyon, elatriye, se moun ki gen yon kilti avanse. Toutfwa, nan Grès antik, tèm kilti a te gen yon lòt definisyon ak yon rega espesyal kote yo te fè lyezon ak fòmasyon endividi a. Oubyen nou ta kapap di se yon pwosesis kote èt imen an ka devlope kapasite kiltirèl k ap pèmèt li pran konsyans de vi l ap menen nan sosyete a.
Anpil antwopològ ak sosyològ wè mo kilti a kòm yon abitid de vi ke nou kreye e nou transmèt bay chak jenerasyon. Nan kontèks sa, li anglobe konesans, kwayans, moral, koutim, lwa, atizay ak tout lòt kapasite nou rive enkilke nan newòn nou pa rapò ak relasyon nou genyen ak sanblab nou yo.
Nou kapab konsidere kilti a kòm yon ansanm konsèp, senbòl, valè ak atitid ki pèmèt sosyete yo vanse. An menm tan tou, nou ka di li anglobe sa nou panse ak aktivite n ap reyalize yo kòm manb yon gwoup sosyal. Nan sans sa a, nou kapab di tout sosyete imèn genyen yon kilti e chak kilti yo gen pwòp valè yo ak pwòp verite yo.
Kilti a fè pati esans lavi nou, men moun yo pa fèt ak li, li vin enkilke nan nou parapò ak kwayans, ak mizik yo, ak liv n ap li yo, sa n ap tande yo, tradisyon nou yo, mès nou yo, mit nou jwenn yo, elatriye. Pale de kilti se pale de yon bagay ki transmèt de jenerasyon an jenerasyon. Men, si gen vid nan transmisyon yo, sa montre ke moun kite dwe fè transmisyon yo pa akonpli ak misyon yo.
Yonn nan bagay ki karakterize yon kilti, ki pi enpòtan, se lang lan paske li se yonn nan tras ki plis make limanite. Pou Benjamin Whorf, lang lan se kapasite ki pèmèt moun kominike antre yo parapò ak yon ansanm kòd ki etabli. Yon lòt bò Edward Sapir di lang lan se yon metòd ki tipikman imèn se pa yon kesyon enstenktif. Martin Heidegger bò kote pa l, li di ke lang lan se yon pwen komen ant kilti a ak pèp li. Tout definisyon sa yo fè nou santi ke lang lan gen yon enpòtans kapital pou kilti ak sosyete kote moun yo ap evolye a. Lang lan se yon mwayen tou ki pèmèt endivi a asimile ak gwoup moun li kowabite a. Se atravè li tou, paran yo pale ak pitit yo e itilize l pou transmèt tou eksperyans ak valè yo bay jenerasyon k ap vini yo.
Pou rezon sa yo, kilti a se yon engredyan ki gen anpil enpòtans pou èt la. Nan Conférence de Niamey (Niger) 1984, Cheikh Anta Diop demontre enpòtans ki genyen pou n aprann, pou nou fòme tèt nou, pou nou ame menm dan nou ak syans pou nou ka rekipere eritaj oubyen patrimwan kiltirèl nou yo. Li kwè ke pi gwo mal okipasyon an fè nou poko geri paske nou alyene ak lòt kilti. Kidonk, nou dwe debarase nou ak kilti ke okipan an foure nan nou an pou nou ka tounnen nan rasin nou.
Si nou rive konprann enpòtans kilti a genyen sou tout sa n ap fè nan sosyete a, n ap rive reyèlman kite yon Ayiti ki gen granmounite li ak tout endepandans li pou jenerasyon k ap vini yo.
Nan Kilti se zam mwen #2, m ap pale sou kilti ayisyèn nan espesifikman…
Kenbe la!
Pierre-Erick BRUNY
Avocat Pénaliste et chercheur en philosophie | Conférencier | Pdt MALE | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.