Brasil Géopolitique Hayti politique

Èske Ayisyen ap byen viv nan peyi Brezil ?

Nou poko lib! Se manti pou di esklavaj fini. Se pa paske chenn nan pa nan pye nou ankò, sa vle di yo pa mare nou. Yo jis chanje taktik: yo mete chenn nan nan vant nou, nan bezwen nou, nan paspò nou, nan papye yo rele « dwa travay ».

Brezil, Chili, Sendomeng, Etazini, Lafrans… yo sèvi ak nou tankou esklav modèn. Wi, gen kèk nan nou ki rive fè yon ti jan, men majorite a ap mal viv. Yo pa ka peye kay, yo pa ka pran swen fanmi yo, yo ap kraze kò yo nan travay. Se pa lavi sa a ki te fèt pou pèp Dessalines nan! Anpil nan nou ap chache lavi miyò, men sa n jwenn se yon lòt chenn. Wi, gen kèk frè ak sè nou ki rive fè yon minimòm, ki monte yon ti biznis, ki jwenn yon ti travay ki kenbe yo. Men se pa reyalite majorite a. Majorite a ap dòmi mal y’ap travay 14 èdtan pa jou pou yon salè ki jis sifi pou manje yon ti pen ak bwè dlo. Yo pa ka pran swen tèt yo, yo pèdi diyite yo, e yo vin esklav modèn nan peyi blan yo.

Se pa paske yo di “byen vini” ba nou, sa vle di yo respekte nou. Yo sèvi ak fòs nou, ak swe nou, ak nesesite nou genyen pou viv. Nou pa plis ke yon zouti nan sistèm yo. Se menm esans esklavaj la, sèlman san chenn fè, san fwèt sou do, men ak chenn papye, chenn paspò, chenn travay ki pa gen dwa.

Vrè esklavaj la se lè nou oblije kouri kite tè nou pou nou ka respire. Vrè esklavaj la se lè peyi nou tounen yon tè san rèv, kote rich yo ap taye banda sou mizè pòv yo. Tout otan nou pa rasanble fòs nou pou konstwi yon Ayiti ki ka nouri pitit li yo, nou ap rete esklav lòt nasyon.

Se pa nan Chili, ni nan Brezil, ni nan Sendomeng libète nou ye. Libète nou se nan tèt ansanm, pou yon Ayiti gran, nan batay pou fè yon peyi ki respekte diyite chak sitwayen. Nou dwe chanje bagay yo, paske si nou pa fè l, nou ap kontinye sèvi kòm esklav modèn nan mache kapitalis blan yo.Dessalines te kraze chenn 1804 la ak kout manchèt. Nou menm jodi a, fòk nou kraze chenn mizè, inyorans, divizyon an. Si nou pa leve kanpe, n ap peri kòm esklav nan peyi lòt moun.

Lè nou sonje 1804, nou toujou pran fyète pou di nou se premye pèp nwa ki te leve kont sistèm esklavaj la, nou kraze chenn e nou pran endepandans nou. Men, verite a se yon lòt: esklavaj la pa janm sispann, li jis chanje fòm. Nou poko soti nan esklavaj.

Vrè libète a se lè yon ayisyen ka leve chak maten sou tè lakay li, nan peyi li, ak diyite, ak opòtinite pou grandi, pou travay, pou pran swen fanmi l. Jouk jounen jodi a, sa poko rive. E se devwa nou, nou menm jèn, nou menm entelektyèl, nou menm travayè, pou nou leve, mete tèt ansanm, rebati Ayiti, pou kraze chenn esklavaj modèn lan.

Libète se pa sèlman endepandans sou papye. Libète se bati yon sosyete kote pèp la ka viv, pa sèlman siviv.

Pierre-Erick BRUNY
Avocat Pénaliste et chercheur en philosophie | Conférencier | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.

Leave Your Comment