Ayisyen, ayisyèn, frèm, sèm, konpatriyòt mwen yo, mwen salye nou nan yon lanmou patriyotik, yon lanmou fratènèl, yon lanmou granmounite n.
Ayisyen, Ayisyèn peryòd nap viv yo grav, sitiyasyon peyi a ap degrade chak segond ki pase. Li lè poun deside sou avni nou, sou ki demen nap kite, ki istwa nou vle kite pou sila kap vini yo, ki grandè nap kite pou yo. Nou rive nan kafou desizyonèl la, nou rive lè poun di AYITI OU LANMÒ.
Yon dat tankou jodi a zansèt nou yo te pran yon dezisyon, se pat yon bagay fasil, men yo te asime responsabilite yo kont sistèm kriminèl yo, pou te kite pou nou yon istwa, pou te kite pou nou grandè, fyète ak diyite.
Jounen jodi a, nou tonbe nan mandyansite,nan chache manje pandan nap detwi eritaj zansèt nou yo.
Desizyon pou goumen kont sistèm kriminèl enperyalis enpoze a pat janm fasil pou zansèt nou yo, men yo te fèl, pou mwen ak ou. Pou nou kite yon Ayiti ki gen diyite,fyète ak grandè pap fasil, men li pa enposib, paske zansèt yo te trase chemen nou dwe swiv la, nou pa gen lòt chwa ke pran responsabilite nou, poun di yo Hayti est de retour.
Mes chères compatriotes,
L’heure est grave, et notre devoir est de dire les choses telles qu’elles sont, y compris les vérités qui dérangent. Nous ne sommes pas ici pour nous complaire, nous n’avons pas peur, et nous n’avons aucune velléité. Nous ne pouvons nous permettre de rester passifs lorsqu’il est question du destin de notre pays.
Pour transformer notre pays, nous devons mener une lutte contre l’impérialisme international, notamment l’impérialisme américain et occidental, qui nous maltraite, nous pille, nous assassine, et nous a spoliés. Cependant, avant de combattre l’impérialisme extérieur, nous devons d’abord affronter celui qui existe à l’intérieur de notre propre société. Cet impérialisme interne, porté par des soi-disant Haytiens, détruit l’agriculture, sabote la justice, démantèle les systèmes de santé et de diplomatie, au profit d’intérêts étrangers. Ces prétendus Haytiens privilégient les intérêts extérieurs au détriment de ceux de notre pays.
C’est pourquoi je suis déterminé à éradiquer l’impérialisme intérieur avant même de penser à lutter contre celui venant de l’extérieur, car il est encore plus dangereux. Cette fois-ci, nous devons extirper l’impérialisme à sa racine pour qu’il ne puisse jamais revenir.
Konpatriyòt mwen yo, nan dat sa a ki senbolize pou nou diyite, fyète, grandè, nou dwe asime nou pou di bagay yo klè, destriksyon Ayiti fèt ak konplisite anpil trèt ki di yo se Ayisyen, men anmenm tan tou, nou paka bliye la frans, etazini ak kanada nan travay pou elimine Ayiti nan kat jewografik la. Se sak fè nou bezwen fanm ak gason ki gen kouraj, pou pran desizyon drastik kont tout peyi ki itilize anbasadè yo pou enpoze nou politik yo vle a. Ak M.A.L.E se fini. L’interet de notre pays avant tout.
Il nous faut rappeler à la France que nous n’avons jamais renoncé, et que nous ne renoncerons jamais à cette dette. La France doit nous restituer notre argent. Et pour cette rançon, nous devons être prêts à tout. Comme le disait l’empereur Jacques 1ᵉʳ :
« Ce n’est pas assez d’avoir mis un frein aux factions toujours renaissantes qui se jouaient tour à tour du fantôme de liberté que la France exposait à vos yeux : il faut, par un dernier acte d’autorité nationale, assurer à jamais l’empire de la liberté dans le pays qui nous a vus naître ; il faut ravir au gouvernement inhumain, qui tient depuis longtemps nos esprits dans la torpeur la plus humiliante, tout espoir de nous reasservir. Il faut enfin vivre indépendants ou mourir. »
Ainsi, nous disons à la France: rendez-nous notre argent.
Nous n’oublierons jamais la cruauté et la barbarie du système criminel que la France a imposé à nos ancêtres durant la période esclavagiste. Nous savons qu’ils ne sont pas nos frères et qu’ils ne le deviendront jamais.
Konpatriyòt mwen yo, se ak anpil tristès nap gade disparisyon kilti nou, tradisyon nou, mès nou yo, koutim nou yo, pouvwa familyal la fin disparèt. Nou dwe kanpe deriv enpozisyon modèl sosyete oksidan an etabli pou nou an, ki prèske fin dekoud sosyete nou an, non, non, nou di non ak deriv sayo, nou kwè nan prensip tradisyonèl gran paran nou yo, kòm fondman pou avansman Ayiti. Nou dwe pwoteje ti moun nou yo kont deriv yon ansanm de òganizasyon patwonize pa yon ansanm de anbasad pou enpoze nou yon lòt fòm sosyetal.
Jenerasyon mwen fè pati de li a, dwe bay Ayiti granmounite l san limit, nou dwe bay Ayiti endepandans reyèl li, nou dwe koupe fache ak tout enjerans entènasyonal nan afè nou, nou dwe lib poun travay pou Ayiti ak kèlkeswa patenè a, depi yo respekte granmounite n ak diyite n.
Mes chers compatriotes,
Pour changer le destin de notre pays, je suis prêt à assumer cette responsabilité et à écrire une nouvelle page de notre histoire.
- Je suis déterminé à récupérer notre histoire.
- Je suis déterminé à construire une justice haytienne.
- Je suis déterminé à reconquérir notre diplomatie.
- Je suis déterminé à garantir la sécurité de tous les Haytiens.
- Je suis déterminé à bâtir une agriculture capable de répondre aux besoins de la population haytienne.
- Je suis déterminé à défendre notre dignité, nos valeurs, notre culture, nos traditions et nos mœurs.
- Je suis déterminé à construire une éducation haïtienne, une éducation pour tous.
- Je suis déterminé à redonner à Hayti sa fierté et sa grandeur.
Je suis là aujourd’hui, et je serai là demain. Rien ne me fera reculer. Je m’engage pour Hayti.
Mwen angajem poum kite yon Ayiti solid
Mwen angajem poum kite yon Ayiti ki gen granmounite l
Mwen angajem poum kite yon Ayiti ki gen endepandans reyèl li
Mwen angajem pou yon Ayiti jis e ekitab
Mwen angajem pou m kite yon Ayiti pou Ayisyen
Mwen angajem poum kite yon Ayiti ki gen diyite
Mwen angajem poum kite yon Ayiti ki gen grandè
Mwen angajem poum kite yon Ayiti ak tout fyète zansèt nou yo
E ou menm?
Viv Ayiti lib
Viv Ayiti pou Ayisyen
Viv papa nasyon an Anperè Jacques 1er
M.A.L.E swete nou yon bon lane 2025
Ayiti ou lanmò
Pierre-Erick BRUNY
Avocat Pénaliste et chercheur en philosophie | Conférencier | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.