géopolique Géopolitique Hayti Histoire

Diskou 18 me 2024

Frèm, sèm, chè konpatriyòt mwen yo, Ayisyen, Ayisyèn, onè respè. Onè  pou nou respè pou mwen, respè pou nou onè pou mwen.

Onè e respè pou sila yo ki travèse deja

Onè e respè pou tout zansèt nou yo kite bay nanm yo, kouraj yo, konesans yo, san yo, pou te kite pou nou eritaj sila a ki se Ayiti.

Onè respè pou tout fòs kòsmòs yo ki toujou la pou pwoteje nou

Onè pou tout fòs kreyatè yo, tout fondatè nachon yo

Onè pou tout fanm ak gason vanyan ki fonde Ayiti

M.A.L.E salye nou nan non yo tout

M.A.L.E di onè respè pou tout Ayisyen, malgre jan sa ye ki kontinye travay san kanpe nan konstriksyon èt Ayisyen an pou rebati Ayiti.

18 me se yon dat senbolik ki pata dwe fete nan kritik

18 me se yon dat istorik ki pata dwe selebre nan fanatik

18 me se yon dat kosmik ki pa dwe tounnen yon dat dyabolik ni katolik

18 me se yon dat ki fèt ak potorik gason ki dwe rete yon dat nostalik

18 me se pa yon dat ki dwe fete ak tout moun

18 me se yon dat ki dwe fete ak fanm vanyan, gason vanyan, gason kanson, moun ki prè pou ekri bèl paj nan istwa peyil.

Drapo nou vle di nou se yon pèp lib, endepandan, yon pèp ki gen granmounitel, yon antite moral, nou se yon nasyon, yon leta souveren. Kreyasyon drapo nou se te yon mesaj klè ke nou te voye bay sistèm peze sou se a, pou nou di yo nou granmoun tèt nou.

La consécration du bicolore bleu et rouge portant l’inscription “liberté ou mourir” l’ors du congrès du 18 mai 1803 sur l’habitation de Mérotte à l’arcahaie annonce une nouvelle ère. L’indépendance des noirs dans le monde.Le drapeau de l’indépendance bleu et rouge, dispose horizontalement fut substitué par le drapeau impérial, noir et rouge conformément à la constitution du 20 mai 1805.

 

A la bèl sa bèl se drapo enperyal nou an, kòm nou se lagalis , M.A.L.E kwè ke fòk nou tounnen nan esans nou, nan rasin nou ak tout sa papa nasyon an te kite pou nou espesyalman  drapo nwa e wouj la, men pou sa rive fèt nou dwe respekte fòmalite legal yo.

 

Konpatriyòt mwen yo, M.A.L.E kwè ke menm jan prezidan Sténio Vincent te yise drapo a nan dat kite 21 dawout 1934 pou te di se fini ak okipasyon Amerikèn nan, nou  dwe yise yon lòt drapo yon drapo granmouten, yon drapo endepandans reyèl pou Ayiti, yon drapo kont òganizasyon entènnasyonal yo ki pran Ayiti pou yon mache, yon drapo kont ensekirite, yon drapo kont mizè, nou bezwen monte yon drapo ki kapab konstwi Ayisyen pou rebati Ayiti.

 

Pou bati yon Ayiti solid, djanm ki kapab reponn ak bezwen popilasyon an, yon Ayiti poutout Ayisyen. Comme disait le Président Félix Houphouët-Boigny oui il faut faire l’homme, tout mettre en oeuvre pour le bonheur de l’homme qui est le moyen mais aussi la finalité du developpement, vous comprenez tous que la prospérité économique, n’est pas un but en soi et qu’elle est même fragile, si elle ne s’accompagne de progrès social et humain.

Comment atteindre à ce progrès? Education et culture en sont les facteurs essentiels: «La formation demeure la priorité des priorités, tant nous considérons l’éducation et la culture comme l’un des meilleurs investissements, si nous voulons que notre pays atteigne rapidement son plein épanouissement.

Conjuguons tous nos éfforts pour qu’en Hayti, partout sur la terre des hommes, se lèvent les moissons spirituelles et matérielles qui donneront à chacun, en abondance, les nourritures dont les cœurs et les corps sont affamés.La finalité de notre politique étant l’homme, le bonheur de l’homme Haytien, le citoyen Haytien doit être le premier moyen de cette politique. D’où la nécessité de faire l’homme, en le mettant en condition physique, culturelle et morale, le plaçant en mesure d’assumer pleinement ce qu’on attend de lui, pour lui-même et pour le pays.

Frèm, sèm, chè konpatriyòt, peyi a ap viv yon sitiyasyon trajik, men pou nou kòm Ayisyen anyen pa enposib, paske nou se ras moun ki konn fè istwa tankou : tant Cecile Fatima, l’Agbaraya Tòya, grann Gitonn, Sanite Bélaire, Marie Jeanne Lamatinière, Catherine Flor, Suzanne Simonne, Dedée Bazile, madame Euphemie Dagui, Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessaline

Nou se ras gason tankou anperè Jeaques 1er ( Jean jacques Dessalines) Toussaint Louverture, Boukman, Makandal, Jacques Stephen Alexis,Antenor Firmin, Boisrond Tonnerre, Dumarsais Estimé, Christophe. Wi nou kapab, se nou kite batay pou retire chèn esklavaj la nan kou nou, nan pye nou, fwa saa nou dwe travay pou retirel nan sèvo nou.

M.A.L.E ap pwone yon revolisyon, men mwen vle di nou ki revolisyon nou pral fè.

Revolisyon nap pwone a pa yon revolisyon pou kapitalis, se pa yon revolisyon pou sosyalis ni pou kominis, men an menm tan se pa yon revolisyon kont kapitalis, kont sosyalis ni kont kominis, men se yon revolisyon kont mizè, kont ensekirite, kont chomaj, kont alyenasyon, kont fanatiz, yon revolisyon pou Ayiti jwen granmounitel.

Wi nou kapab, wi nou pral fèl, paske se nou ki te bati pandan 11 lane yonn nan mèvèy limanite sitadèl, san èd pèsòn ak kouraj nou, se nou kite konstwi palè san sousi , labadee se nou , basen ble se nou, fò jak se nou,Vètyè se nou fò ramye se nou, nou se yon gran pèp ak yon bèl istwa , nou se yon gran peyi, nou dwe gade devan epi kontinye ekri istwa Anpi nou an, nou dwe konstwi yon peyi ki fè fyète zansèt nou yo.

Nous allons briser les chaines du néocolonialisme, les chaines de l’esclave qui nous enpêchent de trouver notre bonheur, notre dignité, Hayti ne doit pas sortir dans l’histoire, Hayti ne peut pas sortir dans l’histoire.

Voulez vous savoir pourquoi nous menons ce combat ? nous menons  ce combat parce que nous aimons ce pays, nous aimons la  population Haytienne, nous aimons l’histoire de ce pays.

Hayti n’a pas besoin d’un homme riche, parce que Hayti est dejà riche, oui M.A.L.E veut un Hayti aux Haytiens, mais un Haytien n’est pas seulement un homme né en Hayti, la qualité ne se résume pas à la possession d’un document officiel, mais c’est un homme né d’Hayti qui à l’esprit formé de son esprit.

Un fruit ne tombe que quand il est mûr, mais devant louragant et la tempête de l’histoire mûr ou pas mûr il tombe quand même.

Wi konpatriyòt mwen yo

M.A.L.E di nou lite pou Ayiti

M.A.L.E di nou batay poun sove bèl istwa nou an

Nou dwe batay poun gen sekirite

Nou dwe batay poun gen jistis

Nou dwe batay poun gen edikasyon

Nou dwe batay kont koripsyon

Nou dwe batay kont tout moun ki dekonstwi peyi nou an

Nou dwe batay poun konstwi Ayisyen pou rebati Ayiti

 

Libète ou lanmò Ayiti pou Ayisyen

Glwa pou anperè Jaques 1er

Glwa pou papa nasyon an

Viv Ayiti Lib

 

Pierre-Erick BRUNY
Avocat Pénaliste et chercheur en philosophie | Conférencier | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.

Leave Your Comment