# SOTI NAN SOUFRANS RIVE NAN KREYASYON: YON REFLEKSYON  FILOZOFIK SOU SIVILIZASYON AYISYÈN NAN

*Hayti · 18 octobre 2026 · Pierre-Erick Bruny*

![SOTI NAN SOUFRANS RIVE NAN KREYASYON: YON REFLEKSYON  FILOZOFIK SOU SIVILIZASYON AYISYÈN NAN](https://pierre-erickbruny.com/api/public/article-images/1792331073029-m184h9.png)

Sivilizasyon ayisyèn nan kapab konprann kòm yon ansanm valè, tradisyon, lang, kwayans, pratik sosyal, fòm atistik ak eksperyans istorik ki devlope sou teritwa peyi  d’Ayiti, epi ki fòme yon idantite kolektif patikilye. Li se rezilta rankont, souvan  rankont ki te vrèman vyolan, ant plizyè eritaj, tankou : eritaj afriken, ewopeyen, amerendyen ak karayibeyen.

Ayiti pa sèlman rezilta yon kolonizasyon fransè ki te fini nan lane 1804. Men yon bagay nouvo ki te kreye. Popilasyon afriken ki te soti nan diferan sosyete, epi ki te oblije fè fas ak vyolans esklavaj la, te oblije rekonstwi yon fòm kominote nan yon mond ki t ap chache retire limanite yo. Se poutèt sa, nou kapab konprann sivilizasyon ayisyèn nan kòm yon travay  rekonstriksyon èt imen an, ki rebali diyite li kòm moun.

Sivilizasyon nou an  fèt nan rezistans. Dayè, istwa Ayiti chaje anpil ak rezistans esklav  yo kite soti nan kontinan afriken an. Nan  lane 1804, Ayiti vin endepandan. Se te yon gwo evènman, moun ki te konn viv nan esklavaj rive fonde yon lEta endepandan. Istwa sa a, te gen yon gwo enfliyans sou fason Ayisyen panse diyite, libète, endepandans ak granmounite.

Si nou ta dwe chache yon lide santral nan eksperyans istorik ayisyen an, se ta pwobableman libète. Men gen yon diferans nou dwe fè. Libète kapab vle di: « Pèsonn pa anpeche m fè sa mwen vle. » Men li kapab vle di tou: « Yo rekonèt mwen kòm yon moun ki kapab deside sou pwòp desten pa m. »

Se dezyèm sans sa a ki patikilyèman enpòtan pou nou konprann Ayiti. Revolisyon ayisyèn nan pa t ap mande sèlman yon amelyorasyon nan kondisyon lavi esklav yo. Li te poze yon kesyon ki te pi radikal: **Èske yon moun ka posede yon lòt moun? **Epi repons revolisyon an te bay la se te: Non. Nan sans sa a, endepandans Ayiti pa sèlman yon evènman politik oubyen istorik. Li reprezante yon deklarasyon filozofik sou egalite tout moun, dwa moun ak libète kòm valè e prensip inivèsèl.

- **KOMAN ESKLAV YO TRANSFÒME SOUFRANS AN KREYASYON?**

Istwa peyi d’Ayiti pote yon kesyon filozofik ki ale pi lwen pase kesyon esklavaj ak kolonyalis: kisa yon sijè istorik ka  fè ak sa listwa fè l? Moun yo te depòte soti nan Lafrik yo pa t sèlman pèdi libète yo, peyi yo, ak rasin sosyal yo; yo te antre nan yon sistèm ki te fèt pou kraze diyite yo epi redwi yo kòm objè. Men esklavaj pa t rive elimine kapasite yo, pou yo sonje, imajine, kwè, pale, chante ak kreye. Se la youn nan gwo paradòks listwa ayisyen an parèt: sistèm ki t ap chache dezimanize moun, vin rann lakay moun sa yo, yon kapasite pou rekonstwi limanite atravè kreyasyon ki pwòp ak yo menm.

Nan sans sa a, kilti a vin tounen yon zouti rezistans, men li pa sèlman yon rezistans kont dominasyon. Li se yon fason pou bay eksperyans lan yon lòt sans. Kreyòl la, pa egzanp, pa senpleman yon melanj mo ki soti nan plizyè lang; li se rezilta yon rankont istorik kote moun ki soti nan divès orizon te bezwen kominike, viv ansanm epi konstwi mond pa yo. Menm jan an tou, Vodou pa kapab konprann sèlman kòm yon relijyon ki soti nan Lafrik; li se yon espas kote memwa afriken, eksperyans kolonyal la, kwayans endijèn ak reyalite nouvo mond lan te rankontre pou fòme yon lòt fason pou konprann relasyon ant moun, zansèt, lanati, kominote ak sakre yo. Nan mizik, dans, kont, pwovèb ak rit, memwa pa t rete yon bagay ki mouri nan tan lontan: li te kontinye viv, transfòme epi transmèt tèt li.

Se konsa nou kapab konprann kreyasyon ayisyen an kòm yon travay memwa. Lè yon pèp rakonte istwa li, chante doulè li, priye zansèt li, bay pitit li yon lang, li pa sèlman konsève sa ki te pase; li ap konstwi yon prezan epi prepare yon avni. Literati ayisyèn nan pral pouswiv menm mouvman sa a lè li pran revolisyon, ekzil, povrete, vyolans, espwa ak kesyon idantite pou l fè yo tounen narasyon, pwezi ak panse. Nan tout fòm sa yo, gen yon bagay fondamantal ki fèt: zansèt meritan nou yo pa t kite soufrans lan di dènye mo a. Li ka kite mak sou kò ak nan memwa, men li pa gen dwa detèmine pou tout tan sa moun ki sibi l yo kapab vin ye.

Se poutèt sa, lè nou pale de sivilizasyon ayisyèn nan, nou pa ta dwe wè li sèlman kòm rezilta yon istwa soufrans, ni sèlman kòm eritaj esklavaj ak kolonyalis. Li se pito rezilta yon kapasite ekstrawòdinè pou transfòme eksperyans istorik an kreyasyon. Esklav yo pa t sèlman viktim yon istwa lòt moun te ekri pou yo; atravè lang, relijyon, mizik, memwa, literati ak revolisyon, yo te kòmanse ekri pwòp repons yo bay listwa. Se la dimansyon filozofik eksperyans ayisyen an chita: libète pa sèlman vle di soti anba chenn; li vle di tou, ou gen pouvwa pou w transfòme sa ki te kraze w, domine w, oprime w, pou w kreye  yon espas kote w ka viv ak diyite. Sivilizasyon ayisyèn nan, nan sans sa a, pa sèlman memwa soufrans. Se memwa ki vin kreyasyon, epi se kreyasyon ki vin yon fason pou yon pèp egziste.

Sivilizasyon ayisyèn nan gen sitou de lang ofisyèl: kreyòl , se lang majorite popilasyon an pale, epi fransè, ki jwe yon wòl enpòtan tou nan administrasyon, edikasyon ak literati. Kreyòl la enpòtan anpil paske li reprezante yon kreyasyon kiltirèl ki pwòp ak sosyete ayisyèn nan. Li devlope pa rapò ak plizyè enfliyans lengwistik, sitou enfliyans fransè, pòtigè ak lòt lang afriken yo.

Sivilizasyon ayisyèn nan make  pa yon anprent kretyènte, sitou katolik ak divès tradisyon pwotestan, ansanm ak vodou ayisyen an. Li enpòtan pou nou pa redwi vodou a ak imaj fim, tankou jan yo kriminalize li. Vodou se yon sistèm relijye ak kiltirèl ki gen pwòp kwayans pa li, seremoni pa li, chante, dans ak fason pa li pou l etabli relasyon ak zansèt yo. Nan sans sa a, Ekriven ak Atis nan mwatye 19è ak 20è syèk yo kontribye anpil pou fè mond lan konprann grandè sivilizasyon ayisyèn nan, atravè mizik, dans; penti; kont popilè; pwezi; literati; teyat; atizana, elatriye.

Nou kapab konsidere sivilizasyon ayisyèn nan tou kòm yon sivilizasyon karayibeyen ki gen nwayol nan kontinan  Afrik la, ak lòt moun ki t ap viv sou teritwa a. Lè nou konsidere popilasyon an te soti an Afrik kote yo te derasinen yo pandan komès esklavaj la. Men moun sa yo pa t tou senpleman konsève kilti afriken an  jan li te ye a. Yo te kreye nouvo fòm kiltirèl apati de lòt eksperyans ak eritaj yo te jwenn sou wout yo. Se egzakteman sa ki fè sivilizasyon ayisyèn nan vrèman enteresan, li pa ni sèlman afriken, ni ewopeyen, ni ameriken. Li se rezilta yon istwa espesyal ki chita sou transfòmasyon, rezistans ak kreyasyon.

Genyen tou yon fason espesyal kilti ayisyèn nan konprann relasyon ant moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo. Nan kilti ayisyèn nan, zansèt yo pa sèlman moun ki fè pati pase nou. Yo kontinye fè pati memwa kolektif la. Èske se sèlman moun nou ye jodi a nou ye, oswa èske nou se  eritye tou moun ki te vini anvan nou yo? Memwa vin yon bagay ki pi pwofon pase yon senp souvni. Li vin yon fason pou konsève yon kontinite ant jenerasyon yo. Sa gen yon enpòtans espesyal pou yon sosyete ki gen istwa li make pa separasyon, depòtasyon ak esklavaj.

Pou nou ale pi lwen, fòk nou kòmanse mande tèt nou kisa mo « sivilizasyon » vle di. Yon sivilizasyon se pa sèlman yon teritwa, yon lang oswa yon ansanm tradisyon. Se yon fason yon pèp chwazi viv nan mond lan, bay istwa li yon sans, epi reflechi sou libète, lanmò, kominote, sakre, travay ak lavni.

Yon sivilizasyon pa nesesèman sa yon pèp resevwa. Se sa pèp la fè ak sa li resevwa a. Ayiti resevwa yon istwa ki te ekstrèmman konplèks epi ki te chaje ak vyolans. Men istwa sa a te transfòme nan nouvo fòm lang, relijyon, atizay, panse ak lavi kolektif. Nou kapab poze kesyon sa a: Kisa ki fè yon pèp vin vrèman yon pèp? Èske se san? Èske se ras? Èske se teritwa? Èske se lang? Èske se relijyon? Èske se istwa? Mwen ka di, sou plan filozofik, okenn nan repons sa yo pa sifi poukont yo.

Yon pèp egziste  lè li rekonèt tèt li nan yon istwa li pataje ak lòt moun, epi lè li transfòme istwa sa a pou l konstwi yon mond kote li ka  pataje ak lòt moun. Nan ka Ayiti a, konsyans kolektif sa a gen yon relasyon solid ak yon eksperyans istorik espesyal: esklavaj, rezistans, revolisyon, endepandans ak konstriksyon yon nouvo sosyete. Jounen jodi a jenerasyon prezan an jwenn pozitif, li jwenn negatif, men se kisa li ka kite pou kontribye nan avansman ras la. 

  

***Auteur : Pierre-Erick Bruny |  Avocat Pénaliste et chercheur en philosophie | Conférencier | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.***

***koreksyon: Jean Marc ESTERLIM ******| Sitwayen Responsab  **    *

Source : https://pierre-erickbruny.com/articles/soti-nan-soufrans-rive-nan-kreyasyon-yon-refleksyon-filozofik-sou-sivilizasyon-ayisyen-nan
