Hayti

ANPERÈ JACQUES IER (Jean Jacques Dessalines) : YON IDEYAL POU GRANDÈ AYITI

17 oktòb 1806, zantray latè te dechire e tonbe vide san paske Limanite pèdi yon gason djanm li te gen onè wè fèt, grandi ak make tan pa li. Pou anpil moun, Ayisyen kou etranje, non sa a fè referans ak yon vwayou, yon sanginen, yon demon. Men, pou nou menm vrè zantray peyi Dayiti, li senbolize viktwa kont tout fòs fènwa. An menm tan tou, Li se yon  ideyal k ap sèvi nou bousòl pou kreye bon kondisyon pou tout pitit peyi Dayiti e pèmèt nou bay peyi a granmounte l. 

Anperè Jacques Ier se yon potorik gason, yon gason vanyan, ki te bay tout li menm pou libere pèp nwa ki te nan esklavaj sou tè Sendomeng. Non sèlman, pou libere yo, men tou pou libere tout nasyon ki te oprime sou latè béni. Dayè, tout aksyon li te poze te chita sou imanis ki te lakay li, sa ki ta pral pouse li mande Etazini voye tout esklav ki lakay li yo ba li nan Anpi Dayiti. Malgre tout vizyon grandè li te gen pou tè sa a ak limanite, yon ekip apatrid te rive asasinen li e yo ta pral anpeche non Anperè Jacques Ier site pou yon bon tan andan peyi a.  Men sa asasen sa yo te bliye sèke yo te touye kò a men yo p ap rive asasinen rèv la.

Jouk jounen jodi a, anpil Ayisyen – sitou sila ki kretyen yo – pa sispann krache sou sakrifis papa nasyon an te fè. Anpil nan yo pa gen respè pou non sila. Yo trete li de tout non ki egziste se tankou li ta responsab tout kalamite n ap travèse jounen jodi a : yon peyi ki pran dife, kote tout bagay tèt anba, ki sou dominasyon yon dal apatrid ki kontinye ap fè san popilasyon an koule san rete. Pifò Ayisyen pèdi espwa e yo pa konn ki kote pou yo gade.

Malgre moman fènwa sa yo, Ayisyen dwe konnen li ankò posib pou yo reprann eskanp figi yo. Dayè, pou Ayisyen jwenn direksyon, pou li reprann konfyans nan tèt li, li dwe retounen nan kafou listwa. Li pa dwe retounen pou retounen, men pou aprann de sila ki travèse yo, zansèt nou yo, e sitou pou aprann ak konprann chimen Anperè a te trase pou Anpi Dayiti.

Jiskaprezan, anpil nan nou ap doute de egzistans Anperè a ak sa li fè nan listwa mond la. Dout sa yo anpeche nou chèche konn pase li, istwa li ak konba li te mennen. San yon anvi ak yon volonte pou konprann travay li, l ap difisil pou nou reprann fòs nou ki chita nan chimen li te trase pou nou. 

Anperè Jacques Ier se vrè ideyal pou grandè nasyon an paske li pa t sèlman yon gèrye, men yon vizyonè ki te konprann ke libète a pa gen sans si li pa mache ak diyite, jistis, souverènte. Li se nannan pèp Ayisyen an pa sèlman paske li te chase kolon yo, men paske li te redefini sa MOUN vle di nan yon epòk kote mond lan te wè nwa kòm bèt. 

Anperè a te bay nasyon an sans egzistans li. Li se sèl lidè nan listwa modèn nan ki te leve kont twa gwo fòs fènwa an menm tan : esklavaj, kolonyalis ak rasis. Aprè gwo viktwa sa yo, li konnen konba a pa t ko fini e se poutèt sa Li te di : mwen kase chenn ki nan pye nou yo, men nou dwe kase chenn nan lespri nou. Nan pawòl sa a gen yon filozofi ki chita ladan : yon pèp pa vin gran paske li genyen lagè, men paske li aprann konnen valè tèt li, istwa l, kilti l, mès li, tradisyon l ak koutim li yo. Anperè a te konprann ke chèn mantal yo toujou pi difisil pou kase. Se pou rezon sa a, li te kite tras pou nou swiv pou nou libere nou de tout tras dominasyon kolon yo.

Anperè a nan aksyon li t ap defann egalite kòm prensip absoli, se sa k fè li te deklare Ayiti kòm yon tè kote tout moun se moun, san koulè, san prejije, san rasis, san esklav. Pandan Ewop la t ap kontinye preche prejije ak diskriminasyon, Jean Jacques Dessalines li menm te fè egalite a tounen baz sosyete Ayisyèn nan. Sa montre nou ke batay li te mennen an pa t sèlman yon revolisyon fizik, men se te yon revolisyon espirityèl ak moral ki te depase tan li.

Anperè a te mete souverènte kòm poto mitan Leta a. Li te konprann ke yon nasyon p ap ka rive gran si li soumèt devan lòt nasyon. Pou Jacques Ier , granmounite yon pèp pa nan richès li sèlman, men tou nan kapasite li genyen pou deside sou desten li. Lè n ap gade listwa, nou wè anbisyon li te genyen pou Anpi Dayiti vini yon nasyon òganize, diy, pwospè e ki te ka fè byennèt popilasyon li. Li te vle bati yon Ayiti kote chak moun t ap gen tè pou viv, kote richès la t ap sòti nan travay kolektif, pa nan esklavaj oswa eskplwatasyon. Li te wè nan travay disiplin ak inyon kòm rasin devlopman nasyonal la.

Anperè a se pa sèlman yon figi istorik, men se yon valè moral pou yon pèp ki vle viv nan diyite. Li moutre nou ke Granmounite pa soti nan imitasyon lòt pèp, men nan kapasite nou genyen pou kwè nan pwòp fòs nou pou n rebati tèt nou ak lespri nou. Anperè Jacques Ier pa sèlman fondatè Ayiti, li se fondatè lespri nasyonal Ayisyen an, sa vle di li enkane kouraj, fyète, diyite ki lakay chak grenn Ayisyen.

Si nou pran konstitisyon 20 me 1805 la, nou pa sèlman temwen de yon volonte pou mete kanpe yon estrikti pou òganize sosyete a. Men, li montre grandè yon vizyonè ki te chita sou prensip mete moun yo nan wonn sant lan pou l te kapab manbre souverènte peyi a paske li te kwè ke san yon ekonomi fò granmounite nou ap toujou limite. Dayè, konstitisyon sa a montre nou wout pou nou swiv yo : enpòtans pou nou bay ak latè, ak defans nasyonal, ak dwa fanm, ak layisite, e sitou, ak sa ki wè ak diyite MOUN.

Anperè Jacques 1er, papa nasyon an, se pa sèlman yon non nan liv listwa. Li se flanm ki limen nan pèp Ayisyen an. Li se memwa vivan rezistans, diyite ak libète. Si nou vle retounen sou wout grandè a, fòk nou rekonekte ak esans vizyon li te genyen pou peyi a : yon Ayiti endepandan, òganize, pwospè kote chak pitit tè a gen plas li anba solèy la.

Jean Jacques Dessalines pa t sèlman kraze chenn esklavaj la, li te vle kase chenn ki mare lespri nou. Li te envite nou pou n kwè nan tèt nan nou pou n bati yon sosyete ki kanpe sou jistis, sou inyon ak travay. Se sa ki fè anperè a tounen yon ideyal vivan, yon modèl moral, politik ak espirityèl pou tout jenerasyon ki vle bati yon peyi sou baz Diyite.

Se poutèt sa 17 oktòb pa dwe sèlman yon jou memwa. Li dwe yon apèl pou renesans. Chak Ayisyen dwe pote flanbo  rèv ak vizyon Anperè a nan kè li. Se sèlman konsa n ap rive repran fyète, diyite ak granmounite n kòm pèp. Menm jan li te di l : ann kontinye rete lib pa nou menm e pou menm nou menm. Se la a, vrè libète a chita.

 

Pierre-Erick BRUNY

Jean Marc ESTERLIN

Leave Your Comment